Feminis se yon tèm ki fè referans a yon ansanm mouvman k ap lite pou egalite jiridik, politik, sosyal, ekonomik fanm ak gason nan yon sosyete. Tèm sa a te itilize e popilarize nan lane 1882 gras ak fanm sa a ki rele « Aubertine Auclert » ki se yon militan e feminis fransè. Se yon tèm ki pa sispann evolye sou enfliyans divès chanjman k ap fèt nan sosyete yo. Sa ki vin bay nesans ak divès tandans, divès kouran panse feminis e menm gen kèk nan yo vizyon yo se rive jwenn yon sosyete kote egzistans fanm ak gason separe. Sitiyasyon sa yo fè nou wè anpil fwa mouvman feminis la kòm yon mouvman ki monte e ki ap goumen kont sèks maskilen an.
Men èske se sa li ye vrèman ? Ki diferan tandans ki genyen ladan l? Ki kalite enstriman mouvman feminis yo itilize ? E kijan sosyete ayisyèn nan enfliyanse pa li menm?
Istwa mouvman feminis la
Emansipasyon fanm yo nan vi piblik sosyete a konstitiye yonn nan chanjman ki pi make tan modèn nan. Sa te kòmanse nan XVII-XVIII èm syèk yo kote premye revandikasyon ki t ap fèt yo te baze sou rekonesans dwa sivik ak politik medam yo. Nan divès peyi nan Lewòp la, fanm yo pa t ka patisipe nan anyen ki gen rapò ak vi politik peyi yo. Fanm yo pa t genyen okenn dwa pou vote ak pou patisipe nan elaborasyon lwa ki t ap fèt pou bòn mach sosyete a. Nan sousi pou revandike kont diskriminasyon sa a Olympe de Gouge ki se yon fransè, fanm sa a t a pral pibliye nan lane 1791 "Déclaration des droits de la femme et de la citoyenne" an reyaksyon avèk "Déclaration des droits de l'homme et du citoyen" ki te pibliye nan lane 1789.
Premye peyi ki te rekonèt dwa vòt medam yo se te Nouvèl Zelann. Sa te rive fèt nan lane 1893. Pou fransè yo, se jis nan lane 1944, yo vin jwenn dwa vòt e elijibilite yo gras a mouvman sifrajèt yo ki te gwoup fanm ki t ap revandike dwa vòt yo nan sosyete a.
Dezyèm gran vag mouvman feminis la pran nesans nan lane 1960 yo. Sa ki te karakterize faz sa a se te revandikasyon medam yo t ap fè pou rekonesans dwa sosyal yo, dwa pou yo kapab avòte e itilize metòd kontrasepsyon yo. Yo t ap revandike tou kont dominasyon gason egzèse sou yo ak dwa pou yo genyen yon menm salè, epi louvri yon kont bank. Anplis, yo t ap lite tou pou yo kapab dispoze de byen yo genyen san yo pa bezwen pèmisyon mari yo e yo t ap revandike tou kont wòl sosyete a atribye ak sèks feminen an.
Genyen tou yon twazyèm vag feminis ki pran nesans nan peyi Lèzetazini nan lane 1990 yo. Vag feminis sa te pote kòm revandikasyon dwa fanm ki konsidere kòm minorite nan sosyete yo. Tankou : fanm kap viv avèk yon defisyans fizik oubyen mantal, fanm ki nan fwaye yo, travayè sèks yo ak manm kominote LGBTQ.
Divès tandans mouvman feminis lan
- Feminis Liberal
- Feminis Radikal
- Feminis Maksis
- Feminis Sosyalis
Enstriman entènasyonal gwoupman feminis yo itilize
- Deklarasyon inivèsèl dwa lòm (1948);
- Konvansyon pou eliminasyon tout fòm diskriminasyon k ap fèt sou Fanm (1979);
- Deklarasyon ak pwogram aksyon Beijing (1995);
- Konvansyon entè-amerikèn pou prevansyon, sanksyon, eliminasyon vyolans kont fanm ( konvansyon Belem Do PARA, 1994);
- Konvansyon nasyonzini sou dwa moun andikape (2006) ...
Nou envite w klike pou w ka li atik sa a : KALVÈ MEDAM YO AP MONTE ANBA TANDANS SEKSIS LA AN AYITI !
Enfliyans mouvman feminis la sou sosyete ayisyèn nan
- Rekonesans dwa vòt fanm yo nan lane 1950;
- Rekonesans dwa vòt prezidansyèl medam yo atravè lwa 1957 la;
- Rekonesans fanmi yo ki andeyò maryaj la nan konstitisyon 1987 la;
- Kreyasyon ministè kondisyon fanm nan lane 1994;
- Ratifikasyon Konvansyon BElEM DOPARA pa leta ayisyen nan lane 1995;
- Adopsyon yon dekrè kont vyòl nan lane 2005;
- Lwa elektoral ki etabli yon kota minimal 30% fanm nan pòs elektoral yo nan lane 2006;
- Devlòpman ak mizanplas yon politik egalite fanm ak gason 2014-2034.
__________________