Antèn telefonik yo endispansab nan zafè telekominikasyon nan lemonn. Men, yo lage gwo enkyetid nan panse anpil moun paske yo kwè antèn yo gen efè negatif sou sante yo. Anplis, genyen anpil etid ki pwouve sa. Poutan, gen lòt enstitisyon tankou OMS ki pa konfime ak sètitid efè negatif antèn yo. Yon sitiyasyon ki lakoz gwo deba, paske done etid yo manke konplè pou pwouve tout bagay.
Telefòn mobil yo tounen yon zouti esansyèl nan lavi nou dènye jou sa yo. Nou itilize yo pou n kominike, navige sou entènèt la, fè apèl, gade videyo, fè foto, tande mizik, elatriye. Men, pou n ka jui tout fonksyonalite kominikasyon telefòn mobil yo, gen yon eleman ki endispansab anpil, siyal radyo a. Nou abitye rele l siyal, siyal rezo, elatriye.
Pou n fè apèl, voye SMS, navige sou entènèt la ak itilize rezo sosyal yo, nou dwe gen siyal rezo a. Pou n jwenn siyal rezo a, fòk gen yon antèn relè ki pa twò lwen nou. Antèn relè sa yo, se yon konpayi ki espesyalize nan telekominikasyon ki gen dwa pou enstale yo. Se sa k fè, fonksyònman telefòn mobil yo depann anpil de operatè telefonik yo.
An Ayiti, pou moman atik sa a ekri a, nou gen 2 operatè telefonik : Natcom ak Digicel. Non sèlman operatè yo jere abònman kliyan yo ( plan apèl ak entènèt yo), men anplis, se yo ki jere lyezon ant 2 moun k ap pale yo, lè gen yon apèl. Se sa k fè, pou yo ka reponn ak bezwen popilasyon yo, yo oblije plase antèn relè nan tout ti kwen nan peyi a.
Men, depi kèk lane, anpil ti pale te kòmanse fèt sou enpak negatif antèn relè yo genyen sou sante moun. Alò, èske antèn relè yo kapab lakoz pwoblèm sante toutbon ?
{getToc} $title={KONTNI ATIK LA} $count={Boolean}
Kisa yon "antèn relè" ye?
Yon antèn relè se yon bwat ki gen fòm rektang ki enstale sou yon poto metalik ki souvan byen wo. Antèn sa yo ap pwopaje yon siyal ki rele siyal radyofrekans ki endispansab pou telefòn mobil nou yo.
Puiske pwogrè teknolojik yo pa janm kanpe, pou chak jenerasyon oubyen nouvèl teknoloji ki lye ak telekominikasyon, frekans siyal la varye. Tankou, soti nan 2G, pase nan 3G pou ateri nan 5G, frekans yo pa sispann file monte.
Toutotan frekans yo ap monte, kapasite pou yon antèn kouvri plis espas ap diminye. Pa egzanp, si w te ka jwenn siyal 2G pou w fè apèl pandan w a yon distans 10 kilomèt de yon antèn, ebyen pou w jwenn siyal 4G ki ka pèmèt ou navige sou entènèt la ak fè apèl, ou dwe pi pre antèn sa a toujou.
Puiske popilasyon an bezwen koneksyon ki pi rapid pou pase apèl ak pou itilize entènèt la, sa vin lakoz, konpayi k ap bay sèvis sa yo oblije kadriye tout tèritwa a epi enplante antèn "nan fif moun yo" tankou djondjon.
Ki itilite antèn relè yo ?
Antèn konpayi k ap founi sèvis telekominikasyon yo, nou abitye rele antèn relè oubyen relè yo se yon eleman endispansab nan enfrastrikti rezo mobil yo. Pandan dènye ane sa yo, kantite antèn yo pa sispann miltipliye paske kantite moun k ap mande sèvis la vrèman ogmante.
Antèn yo pèmèt sèvis rezo mobil yo rete disponib pou sèvi popilasyon an. Anplis, devlopman sèvis telekominikasyon yo patisipe nan lavi ekonomik ak sosyal peyi a.
Kòman yon telefòn mobil fonksyone ?
Nòmalman, lè w fè yon apèl, telefòn nan konvèti vwa w sou fòm yon siyal elektrik. Siyal elektrik sa a li menm, li soti kite telefòn nan sou fòm yon ond radyo pou l al ateri dirèkteman nan antèn relè ki pi prè w la. Answit, antèn relè a retransmèt ond sa a pou l rive jwenn antèn ki pi prè korespondan w lan epi pou telefòn korespondan an konvèti ond radyo sa a an odyo. E konsa, korespondan an ap resevwa tout sa w di.
Kredi Imaj : stelladoradus |
Kisa lalwa nan peyi Dayiti di sou enplantasyon antèn relè yo ?
Dekrè 12 oktòb 1977 la bay leta ayisyen monopòl tout sa k gen pou wè ak telekominikasyon nan peyi a (radyo, televizyon, telegraf, operatè mobil yo tankou Natcom ak Digicel, elatriye).
Kidonk, soti depi nan enstalasyon operatè yo nan peyi a pou rive nan desèvi popilasyon an nan zafè telekominikasyon, se yon pwosesis ki dwe jwenn validasyon plizyè ògàn nan leta. Nan peyi Dayiti, òganis nan leta ki jere telekominikasyon an rele CONATEL. Se li k bay operatè yo otorizasyon ak yon ansanm egzijans.
Depi operatè a fin jwenn lisans pou l fonksyone, li ka deplwaye rezo l la sou tout teritwa nasyonal la, byenke gen kèk mezi l dwe respekte tankou: pwoteksyon sit touristik yo, règlemantasyon konsènan reyònman ond elektwomayetik yo, modòd lameri, elatriye.
Ki kote kwayans : Antèn yo pa bon pou lasante a soti ?
Depi lè konpayi k ap founi sèvis rezo yo kòmanse enplante antèn relè yo nan lemonn, yon bon pati nan popilasyon yo pa t janm sispann plenyen. Tanto y ap di antèn yo ap ba yo kansè, tanto l ap fè yo pa ka dòmi, elatriye.
Men, nan milye medikal la, sitiyasyon panik sa a gen yon lòt konsiderasyon, yo rele l elektwosansibilite. Medsen yo twouve l kòm yon twoub ki jwenn sous li nan kwayans moun yo. Sètadi moun yo jis panse antèn nan ka ba yo tèt fè mal, yo kòmanse panike epi nenpòt tèt fè mal yo genyen, yo tou lage chay la sou antèn sa yo. Nan yon tèm ki plis espesifik, yo rele ka sa a, efè "Nocebo" : tankou moun yo ka panse antèn nan ap ba yo tèt fè mal, yo gen tèt fè mal la vre pandan koz la pa reyèl vre.
Pa egzanp, yon ka ki pase nan lane 2009 nan peyi Lafrans, nan lwès Pari, aprè yon operatè te fin enstale plizyè antèn relè nan zòn nan, popilasyon an te kòmanse plenyen paske yo te plede santi doulè nan tèt, yo paka dòmi, yo paka manje, elatriye. Sa k ta pral etone tout moun nan istwa sa a se lè konpayi a te revele antèn yo patko menm ap fonksyone.
Pou peyi Dayiti, nan yon katye nan Pòtoprens ki rele Bèlvil, popilasyon an te voye yon pinga bay Digicel ak Natcom pou yo pa enstale antèn nan katye a paske sa ka ba yo kansè. Malgre pinga sa a, Natcom te rive enplante yon antèn. Men, komite k ap jere katye Bèlvil la te tradui Natcom lajistis nan lane 2019 yo.
Kisa lasyans di sou sa ?
Plis pase yon santèn rechèch fèt deja pou etidye enpak antèn relè yo sou sante moun. Gen kèk nan etid sa yo ki montre anpil enpak negatif, konsa tou gen kèk ki inyore enpak negatif yo. Pa egzanp :
- Nan dat premye novanm 2018, National Institute of Environmental Health Sciences nan peyi Lèzetazini te pibliye rapò sou yon etid yo te fè pandan 10 lane sou yon kantite rat ki ekspoze ak yon antèn relè. Nan etid sa a yo te montre l klè kou dlo kòk, rat sa yo te rive gen kansè nan kè;
- Nan lane 2012, selon yon rechèch inivèsite Ispahan te fè nan peyi IRAN, yo te remake moun ki ozalantou antèn relè yo genyen tèt fè mal, vètij, ensomni, mesye yo pa gen bann, dezi seksyèl medam yo bese, elatriye;
- Nan lane 2006, nan peyi Ejip, yon etid ki te fèt sou 85 moun k ap viv ozalantou yon antèn relè, revele moun yo genyen gwo tèt fè mal, vètij, elatriye;
- Nan lane 2004, nan yon eta nan peyi Almay ki rele "Bavière", kantite moun ki te gen kansè yo te miltipliye pa 3 nan mwens ke 8 lane. Tout sa se akoz enplantasyon antèn relè yo;
Ou ka klike la pou w gade tout lis rechèch ki plis enpòtan ki fèt sou enpak antèn relè yo.
Nan ka pa nou, nan peyi Dayiti, poko gen yon etid ki pibliye sou sa. Men, yon bon pati nan popilasyon an gen yon pozisyon e yo klè sou li deja: "antèn dijisèl ak natkòm yo bay kansè". "Antèn yo ap souse san nou", "Vye bagay sa yo ap touye nou lantman", elatriye. Se sa k fè yo konn anpeche konpayi sa yo enplante antèn yo nan yon seri zòn.
Byenke rezilta anpil etid ki fèt yo kite gwo enkyetid, ACS ki se American Cancer Society deklare siyal antèn relè yo ap bay yo twò fèb pou yo ta rive domaje ADN ki nan selil ki nan kò nou yo.
Kisa OMS di nan koze sa a ?
Plenyen k te genyen nan lemonn yo te fòse OMS foure bouch nan koze a. Se sa k fè, nan lane 1996 OMS te fè yon etid sou chan elektwomayetik yo. Yo te rive konkli antèn relè yo pa ka nui sante moun yo. Opinyon sa a te jwenn zepòl Mobile Telecommunication And Health Research ki te fè yon etid nan peyi Angletè sou yon seri timoun, kote yo pa t remake okenn efè negatif antèn yo lakoz.
Men, nan lane 2011, parapò ak rezilta yon latriye lòt rechèch, OMS te korije kaye l. Yo te prefere klase siyal radyofrekans yo pami yon seri eleman ki gen posibilite pou ta bay kansè. Kidonk, OMS pa konfime, ni l pa afime ak sètitid paske l pa gen ase prèv.
Pou chak peyi, enstans ki konsène pou jere zafè telekominikasyon yo toujou gen kèk egzijans yo fè operatè mobil yo. Kidonk, an Ayiti, CONATEL gen limit li bay chak operatè yo pou yo pa depase.
Yon lòt fasèt ki entèresan ankò, nan yon atik Ayibopost te pibliye nan dat 20 Septanm 2019, yo rapòte nan yon ti batbouch yo te gen ak Gerard Laborde ki te direktè zafè legal ak regilasyon nan Digicel, li te di toutotan antèn yo pi lwen itilizatè yo, se plis telefòn yo ap fè plis efò pou kapte siyal la. Kidonk telefòn nan ap dichaj pi rapid, l ap chofe, nivo radyasyon an ap plis monte.
__________________
Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!
Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!
Bravo tizè Konesans, se premye fwa mwen jwenn yon platfòm ke mwen toujou pran tan pou'm li tout atik li , mwen swete ke nou kontinye travay pou kominote ayisyèn lan nan lang manman li🫡
ReplyDeleteMèsi anpil pou konfyans ou fè nou ! Travay la fenk kòmanse, toujou ede n fè pwomosyon pou konesans syantifik nan lang manman nou an.
DeleteWow Mesi anpil. Mwen aprann anpil
ReplyDeleteMèsi anpil ! Travay la fenk kòmanse!
Delete