Pou anpil moun an Ayiti, se moun ki fou yo mennen kay sikològ. Poutan, sitiyasyon peyi a ogmante risk pou yon bon pati nan popilasyon an soufri ak gwo pwoblèm mantal ki merite èd yon pwofesyonèl sante mantal ( sikològ, sikyat, travayè sosyal, ...). Non sèlman, pwoblèm mantal yo lakoz anpil soufrans, echèk, vyolans, tristès, ka suisid, elatriye. Anplis, selon MSPP, maladi mantal yo se dezyèm pwoblèm Sante Piblik an Ayiti. Kidonk, zafè sante mantal la merite yon atansyon apa nan peyi nou.
Ale wè yon sikològ konn parèt souvan difisil pou anpil moun, paske nan tèt kèk moun an Ayiti : di Sikoloji vle di otomatikman moun ki fou. Se rezon ki lakoz menmsi yon moun ta nan yon sitiyasyon kote li merite èd yon sikològ, li konn pa konprann sa, e anplis li konn pè di sa nan antouraj li pou yo pa trete l moun tèt pa dwat.
Nan peyi Dayiti, akoz sitiyasyon sosyo-ekonomik yo( kidnaping, kriminalite, lavi chè, ...) pwoblèm sante mantal yo ap ravaje popilasyon an. Dayè, selon OMS, genyen pou pi piti 1 moun sou chak 4 moun ou rankontre nan mond lan ki genyen yon pwoblèm sante mantal. Pou Ayiti menm, anpil faktè fè n vle mande, èske sa pa pi mal toujou ?
Pami tout sa ki ka koze maladi ak lanmò yo, twoub mantal yo peze lou nan balans lan. E yo kontribye nan anviwon 12% pwoblèm sante nan mond lan selon OMS ( Òganizasyon Mondyal Lasante). Men, an Ayiti, depi kèk lane, pou n presize depi aprè Katastwòf natirèl 12 janvye 2010 la, Sante Mantal kòmanse genyen plis enpòtans nan peyi nou. Anpil moun nan peyi a vin konnen enpòtans Sikològ yo ak lè li nesesè pou yo konsilte yo sitou gras ak travay ONG yo tankou Zanmi Lasante k ap fè kanpay sante mantal nan depatman Lwès, Sant ak Latibonit (AHPSY, 2013).
Si pou kèk moun Sikoloji a gen enpòtans, gen anpil lòt ki rete nan menm tabou lontan yo, di se pou moun fou, se moun ki fèb ki mande èd... Men an reyalite kiyès yon sikològ ye ? Èske se moun fou ki ale lakay yo ? Ki rezon ki ka mennen yon moun lakay yon Sikològ? Poukisa li enpòtan pou w ale konsilte yon sikològ? Kilè sa nesesè pou w ale lakay yon sikològ? Vini pou nou fè yon ti koze sou kesyon sa yo.
1- Kiyès yon sikològ ye an reyalite ? Ki wòl li ?
Yon Sikològ se yon pwofesyonèl sante mantal ki la pou kapab ede yon moun ki genyen yon pwoblèm mantal (sikolojik). Li la pou ede yon moun dekouvri egzakteman ki pwoblèm li genyen (maladi mantal, estrès, depresyon) konprann sa ki ap boulvèse li a, pandan l ap akonpanye l pou l kapab jere pwoblèm nan epi rejwenn sante mantal nòmal li (espace psycho.fr).
Wòl sikològ yo anglobe anpil aspè tankou: tande, analize, konprann, dyagnostike epi akonpanye pasyan an...
Sikològ la la pou li:
- Tande istwa w san li pa jije w;
- Konprann soufrans w ap andire a;
- Analize sityasyon an pou li kapab poze bon jan dyagnostik;
- Eksplike w nan langaj ki pi senp pwoblèm ou genyen an, pandan l ap akonpanye w ak ede w rejwenn yon eta byennèt sikolijik ki pi bon.
2- Ki moun ki dwe ale konsilte yon sikològ?
Tout moun kapab ale wè yon sikològ, timoun kou granmoun, fi kou gason. Depi w ap travèse yon peryòd difisil, maladi, traka ak sousi lavi tout sa yo se bagay ki kapab mennen w konsilte yon sikològ e pwoblèm sa yo pesònn pa epanye, yo rive tout moun a kèlkeswa laj, ran sosyal oubyen nivo edikasyon w.
3- Kilè ou dwe konsilte yon sikològ?
Ou dwe ale lakay yon sikològ lè ou santi ou pa byen nan lespri w, lè ou gen yon pwoblèm ou santi ki depase w ou paka rezoud li. E sitiyasyon sa yo konn vin genyen gwo konsekans e menm rive paralize tout aktivite ou konn fè, tankou : travay ou, etid ou,... E atake sante fizik ak mantal ou, relasyon w ak antouraj ou, elatriye.
4- Poukisa yon moun dwe al wè yon sikològ?
Mande èd yon sikològ, se youn nan bon desizyon yon moun ka pran. Anpil rezon ka pouse ou al wè yon sikològ, pami yo :
1- Si yon pwofesyonèl te deja dyagnostike yon maladi sikolojik lakay ou ki nesesite yon prizanchaj oubyen yon tretman sikolojik. Osinon si ou ta remake kèk konpòtman ki pa nòmal lakay ou, chanjman atitid, elatriye.
2- Si w ap travèse yon peryòd difisil e konplike nan lavi w tankou: si w pèdi yon moun ki chè pou ou, nan ka divòs, si w jwenn revokasyon nan travay ou, si w fè fas ak echèk, pwoblèm lajan, elatriye.
3- Si ou rete konsa ou santi w tris san rezon osinon akoz yon pakèt pwoblèm ki fè w pa wè sans lavi a. Si w santi w pa byen san w pa konnen ki pwoblèm ou genyen, ou dekouraje ak lavi, ou pèdi anvi viv…
4- Si ou anvi konnen tèt ou, ou vle travay sou tèt ou, ou vle konnen ak devlope kapasite ki lakay ou, pa gen yon lòt moun ki pi byen plase ke yon sikològ pou ede w fè sa...
5- Kouraj pou depase prejije ki lye ak sante mantal an Ayiti.
Pou anpil moun, pwoblèm mantal yo genyen yon orijin sinatirèl, sa lakoz pi souvan yo al chèche solisyon lòt kote tankou nan legliz, kay medsen fèy, Houngan, elatriye. Men, ale wè yon sikològ se aksepte fè yon gwo depasman sou tèt ou ki vle di ou prè pou w aksepte èd nan men lòt moun, pa paske w fèb men paske antanke moun, gen peryòd nan vi w w ap bezwen sipò ak akonpayman yon pwofesyonèl.
Pa dwe genyen pyès wont nan ale konsilte paske si mantalman ou pa anfòm, sa kapab genyen move konsekans sou fizik ou epi antouraj ou.
6- Ki resous lokal nou gen pou zafè sante mantal an Ayiti ?
Anpil gwo jefò t ap fèt depi nan lane 1940-1960 yo pou tabli yon sèvis sante mantal nan peyi a. Epi, malgre genyen anpil lòt kategori pwofesyonèl ki travay nan sante mantal, jouk jounen jodya, resous imèn yo limite anpil an Ayiti !
Leta ayisyen pa envesti nan sante mantal, se sèlman 1,5 % bidjè nasyonal la ki rezève pou sa ( MSPP). Kidonk, nou wè a klè se yon sektè ki meprize. Poutèt sa, leta dwe envesti plis yon fason pou fòme plis pèsonèl ak pou mete disponib tout lòt resous nesesè pou akonpanye popilasyon an.
Pa bliye menmjan w ap pran swen kò a se konsa tou lespri a bezwen swen. Paske tout sa ki afekte kò a afekte lespri a e se konsa tout sa ki afekte lespri a afekte kò a tou. Mande èd yon sikològ se pa yon siy feblès, men yon etap kouraj nan direksyon otonomi pèsonèl ou. Se yon envestisman nan sante mantal ou, ki pèmèt ou jwi yon lavi ekilibre.
Referans
-Ronald Jean-Jacques et Marjory Clermont-Mathieu, Revue haitienne de santé mentale , AHPSY, 2013.
-Martin Benny et all(2016), Santé Mentale et Psychopathologie 2e edition, Quebec, MODULO.
-Karen Huffman et Palomar College (2014), Psychologie en direct 4e édition Montreal. MODULO.
Redaksyon
Medjina N. Eliacin
Etidyan finisan nan Sikoloji
Chèf kwizin
Dekoratris evènman
CEO GRACE Hair Oil
__________________
Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!
Bravo
ReplyDeleteMw fyè de ou😍kontinye vanse ma belle
ReplyDelete