DOSYE VYÒL AK AGRESYON SEKSYÈL AN AYITI : KISA LALWA DI ?

Nan tout monn lan, gason kou fanm, timoun, jenn moun kou granmoun pa sispann viktim anba tout kalite zak vyolans seksyèl. Se yon fenomèn ki pran plizyè fòm tankou: vyòl, agresyon seksyèl, egzibisyonis, asèlman seksyèl (tizonnay), elatriye. Malgre enfraksyon sa yo varye pou chak peyi, men yo gen gwo konsekans sou fonksyònman sosyete a, e Lajistis rezève gwo sanksyon pou moun ki fè zak sa yo.

Kredi Imaj : Bing AI

Vyolans seksyèl, sou nenpòt fòm li te ka ye a, se yon zak ki prezan tout kote sou latè. Malgre se jenn fanm yo ki plis viktim, anpil gason viktim tou, sitou nan laj adolesans yo. Selon OMS, sou chak 3 fanm, genyen youn ki viktim vyolans seksyèl oswa fizik nan vi l. Sa ki fè genyen yon total anviwon 736 milyon fanm ki viktim chak lane. Anplis, selon SHASE sou chak 10 gason, genyen youn ki viktim vyolans seksyèl nan vi l. E vyolans sa yo lakoz gwo dega sou anpil aspè nan sosyete a. Sa ki montre nou nesesite pou genyen bon jan mezi ki pran kont sa. E tou, lè n gade Ayiti ki se yon peyi kote ensekirite ap vale tèren, nou ka konprann kijan sitiyasyon an grav.


{getToc} $title={KONTNI ATIK LA} $count={Boolean}

Vyòl ak agresyon seksyèl, kisa yo ye?

Nan peyi Dayiti, malerezman Kòd Penal la pa bay okenn definisyon pou Agresyon seksyèl ak vyòl. Se sa k fè, anpil fwa, nou oblije refere nou ak lwa nan peyi Lafrans yo pou n ka pran kèk definisyon, paske nou bay anpil konsèp ak ekspresyon menm sans ak yo.

Kidonk, selon Kòd penal fransè a, yon vyòl se nenpòt zak penetrasyon seksyèl ki fèt ak vyolans, kontrent, menas, oubyen sipriz. Zak penetrasyon seksyèl sa a, li kapab konsène bouch, vajen, twou dèyè, peni, itilizasyon dwèt oswa yon lòt objè. Poutan, agresyon seksyèl la se tout zak ki gen yon karaktè seksyèl ki fèt san penetrasyon, men ak vyolans, kontrent, menas oswa sipriz. Lalwa rezève gwo sanksyon pou nenpòt moun ki ta fè nenpòt nan 2 zak sa yo.

Kontrèman ak lajistis nan peyi Lafrans ki diferansye vyòl ak agresyon seksyèl, gen kèk peyi nan monn lan ki pa fè diferans sa yo. Pa egzanp, pou Lajistis nan peyi Kanada, vyòl ak agresyon seksyèl gen menm konsiderasyon an.

Agresyon seksyèl: yon fenomèn k ap vale tèren an Ayiti 

Pandan dènye tan sa yo, akòz fenomèn ensekirite a k ap taye banda nan peyi a. Kantite moun ki viktim anba tout sòt agresyon nan peyi a pa sispann ogmante. Tout kategori moun, tout sèks, tout laj viktim anba agresyon seksyèl ak vyòl nan peyi a. Men, se fanm yo ki plis viktim de fenomèn sa a.

Nan dat 27 Jen 2023 a, nan yon atik ki te pibliye sou "The New Humanitarian", Nègès Mawon rapòte soti mwa me 2022 pou rive mas 2023 a, gen 652 fanm ak tifi ki viktim zak vyolans seksyèl nan 4 katye nan Pòtoprens ki sou kontwòl bandi ak zam fann fwa. Yo ale pi lwen pou yo presize, 90 nan viktim yo rive trape maladi moun ka pran nan fè bagay. Anplis, gen 9 pami yo ki te rive pèdi lavi yo.

Daprè OCNH (Organisation des Citoyens pour une Nouvelle Haïti), soti mwa jen pou rive mwa novanm 2023, yo rive anrejistre plis pase 317 ka vyolans seksyèl nan peyi Dayiti. Sa ki parèt pi konplike a, se paske tout tranch laj prèske touche anba fenomèn sa a. Nan total 317 sa a OCNH te anrejistre a, te gen yon total 75 fanm ki gen ant 26 ak 35 lane, 30 lòt gen ant 19 pou rive 25 lane, 156 gen ant 30 pou rive 50 tan, 55 gen plis pase 51 lane epi te genyen yon ti lèzanj 3 lane.

San konte tout lòt ka ki pa rive anrejistre, sa montre a klè, kòman fenomèn sa a ap kraze sosyete a anba anba.

Diferan fòm agresyon seksyèl la kapab fèt

Selon Mèt Raymond JEAN-BAPTISTE, nan yon dokiman ki gen pou tit "Cours de Droit pénal spécial", genyen 2 kategori agresyon seksyèl :
  1. Yon kategori kote agresè a gen yon kontak fizik avèk viktim nan. Tankou : vyòl ( kadejak), plede touche lòt moun lan malgre li pa dakò, kole oswa fwote kò sou lòt moun nan san l pa dakò, bay moun nan ti tap nan dèyè l san volonte l, elatriye.
  2. Yon lòt kategori, ladan l agresè a pa bezwen gen yon kontak fizik ak viktim lan. Pa egzanp : lè yon moun ap fè tizonnay sou yon lòt, lè yon moun ap bay yon lòt presyon pou l fè bagay avèk li, elatriye.


Ki eleman ki dwe reyini pou pale de agresyon seksyèl?

Pou nou pale de agresyon seksyèl, genyen plizyè eleman ki dwe reyini tankou : eleman materyèl, eleman legal ak eleman sikolojik.

Pou eleman materyèl ki gen pou wè ak enfraksyon agresyon seksyèl la, se toudabò, yon zak agresè a ka fè sou viktim nan fizikman, oswa yon zak tou ki pa mande kontak fizik. Kategori agresyon seksyèl ki mande pou agresè a gen kontak fizik avèk viktim nan, se yon zak ki fèt avèk vyolans, menas oswa sipriz.

  • Agresè aji ak vyolans, se lè gen yon kontrent fizik ki fèt sou viktim nan. Lejislatè yo pa presize nan ki nivo vyolans lan dwe ye pou n pale de agresyon seksyèl. Nan sans sa a, nenpòt ti vyolans kapab konsidere kòm agresyon seksyèl. Vyolans lan ka kite kèk tras sou kò viktim nan. Nan ka sa a, li enpòtan pou viktim nan fè yon sètifika medikal pou tribinal la sètifye gen agresyon seksyèl tout bon vre;
  • Nan ka gen menas, agresè a bay viktim nan gwo presyon sikolojik, nan lide pou kabre l, pou fè l fè bagay ak li. Nan ka sa yo, pou tribinal la konsidere agresyon seksyèl la, fòk menas la serye epi grav. Se Jij la ki gen pouvwa pou deside sou sa, nan fason li konprann sa ki pase a.
  • Nan ka sipriz la, agresè a pwofite feblès viktim nan, pou l pwofite l seksyèlman.
Li enpòtan pou nou soulinye, pou pale de vyolans, menas ak sipriz kòm eleman ki karakterize agresyon seksyèl la fòk viktim nan pa bay konsantman li sou sa. Anplis, fòk jès sa yo fèt, nan lide pou agresè a fè bagay avèk viktim nan.

Kisa k ka pwouve yon zak agresyon seksyèl ?

Si yon moun di yo vyole l, fòk genyen bon jan prèv. Men kèk mwayen ki ka pwouve sa:
  • Kèk eleman lapolis syantifik twouve sou sèn krim nan tankou: san, kapòt, espèm, pwèl, elatriye;
  • Si koupab la admèt li te fè zak la tout bon;
  • Analiz sa k pase yo ansanm ak tande tou 2 pati yo;
  • Ankèt;
  • Egzamen medikal;
  • Ekspètiz sikyatik, elatriye.

Kisa lalwa rezève pou agresè yo ?

Nan Kòd Penal ayisyen an, genyen 3 atik ki pale sou agresyon seksyèl : atik 278, 279 ak atik 280 an. Dekrè 6 Jiyè 2005 lan te pote ti modifikasyon nan fason atik sa yo te ye avan.

Aktyèlman, selon atik 278 kòd penal la: "Kèlkeswa moun nan ki fè yon krim vyòl, oswa ki koupab nan nenpòt lòt ka agresyon seksyèl, menmsi li fèt oubyen li pa gentan fèt ak vyolans, menas, sipriz oubyen presyon sikolojik sou yon moun ki gen menm sèks avèk li oubyen yon lòt sèks, ap pran yon pèn 10 lane travay fòse.".

N ap soulinye tou, yon agresyon seksyèl kapab senp konsa tou, li kapab agrave.
  • Yon agresyon seksyèl senp lè se yon sèl agresè ki fè zak la oswa viktim nan pa yon minè, ni agresè a pa gen otorite sou viktim nan. Nan ka sa a, koupab la ap pran 10 lane prizon.
  • Yon agresyon seksyèl agrave lè gen plizyè agresè ki patisipe nan zak la oubyen tou, lè koupab la gen otorite sou viktim nan oswa si viktim nan ta mouri. Nan ka sa a, koupab yo osinon koupab la ap pran yon pèn 15 lane nan travay fòse e pèn sa a ka menm pou lavi tou.
Si pa gen pyès eleman ki ka pwouve vyòl la, pa p gen kondanasyon pou akize a. Epitou, si 10 lane deja pase sou krim nan san pa t genyen okenn pousuit legal, pa p ka genyen ankò (nan Dwa, sa rele Prespriksyon).

Si se yon minè ki viktim ka agresyon seksyèl la ?

An Ayiti, nan ka kote viktim nan ta yon minè, menmsi se ta li ki te fòse yon moun ki majè fè bagay ak li, sa pa p epanye moun ki majè a tonbe anba sanksyon lajistis paske yon minè pa gen konsantman daprè lalwa.

Anplis, selon Atik 279 kòd penal ayisyen, si agresyon seksyèl la fèt oubyen manke fèt sou yon timoun ki pako genyen 15 lane akonpli, agresè a ap gen yon pèn 15 lane nan travay fòse. Byenke nan ka sa yo, yon senp plent nan tribinal la pa sifi pou otorite jidisyè yo pwononse sou zak agresyon seksyèl la. Kidonk, batistè (akdenesans) viktim nan ap nesesè pou pwouve laj timoun nan.

E, selon sa ki ekri nan atik 280 an, si agresè a ta gen otorite sou viktim nan oubyen si l te gen lòt moun ki ede l, l ap pran prizon pou tout lavi l.


Tout kategori moun kapab viktim zak agresyon seksyèl ak vyòl. E, fenomèn sa yo lakoz gwo dega sou tout plan nan sosyete a. Malgre se fanm ki plis viktim, men gen anpil ka kote gason yo viktim tou. Popilasyon an ak tou otorite leta yo dwe mete bon jan estrateji kanpe yon fason pou kwape zak sa yo nan sosyete a.



Redaksyon
Peterson SAINT-FLEUR
Jiris, Anseyan, Jounalis



__________________

Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!


4 Comments

Kite yon ti kòmantè pou nou

  1. Mèsi pou bonjan enfòmasyon nou ban nou

    ReplyDelete
  2. M ta renmen nou fè yon ti pale sou granmoun kap renmen a minè (zokiki)

    ReplyDelete
  3. Bon travay Tize Konesans

    ReplyDelete
  4. Waw. Mèsi Tizè konesans, mèsi Mr Peterson SAINT FLEUR.

    Mwen ta renmen yon ti limyè anplis sou ekspresyon: "gen otorite sou" nan atik la silvouplè

    ReplyDelete
Previous Post Next Post