YO PIRATE W SOU ENTÈNÈT LA EPI YO MANDE W LAJAN: KÒMAN POU W REYAJI?

Anpil moun, anpil enstitisyon toupatou nan monn lan pa sispann plenyen akoz atak y ap sibi nan dènye tan sa yo anba men pirat sou entènèt la. Non sèlman pirat sa yo gen kapasite pou rann sistèm ki viktim nan pa ka fonksyone, men tou yo kapab detui l, efase done epi vòlè enfòmasyon sansib yo... An ayiti tou, pratik malveyan sa a ap pran chè. Se sa ki lakoz, lè n gade kantite koneksyon telefòn mobil ki genyen nan peyi a ki evalye ak 9,39 milyon, yon chif ki reprezante 80,5 % popilasyon Ayiti a (Selon Data Reportal). E anplis, majorite moun nan popilasyon an pa gen konesans sou fason pou pwoteje tèt yo: sa montre n aklè kòman anpil dega ka fèt.

Kredi foto: Sensors Tech Forum


Nan moman n ap viv la, parapò ak bèl avanse teknoloji yo, prèske tout sa n ap fè lye ak entènèt. Chak jou k pase, plis done enpòtan ( enfòmasyon pèsonèl, done bankè, modpas, elatriye) ap transfere ant entènot yo.

Konsa, nan yon lòt ti kwen, gen yon kategori moun ki la k ap veye. A chak ti fay ki genyen nan yon sistèm, yo pwofite aksede, vòlè, modifye oubyen pran kontwòl done ak enfòmasyon entènot sa yo. Yo rele moun sa yo Pirat. Zak sa yo fè pati Sibèkriminalite.

Nan yon fason jeneral, yo rele aksyon pirat sa yo fè yo: sibèatak. Pami sibèatak ki pi popilè yo, n ap jwenn: Atak "DDOS", "Phishing", Atak "MITM", Atak ak "Ransomware", Atak "Brute Force", ak yon bann lòt ankò. Chak tip sibèatak sa yo gen nivo frajilite e yo danje selon nivo fasilite ak vilnerabilite sistèm y ap atake a.

{getToc} $title={KONTNI ATIK LA} $count={Boolean}

Dosye pirataj nan lemonn

Kantite domaj ki lye ak zafè pirataj enfòmatik nan lemonn (sitou akoz atak ak ransomware) evalye ak plis pase 26 milya dola ameriken sèlman pou ane 2021 an selon Ninja One. E, se sèlman 57% nan done sa yo, ki konn rive rekipere.

Kanta pou kantite moun ak antrepriz ki viktim anba men pirat chak ane yo menm, chif sa yo pa janm sispann ogmante. Dayè, selon CESIN (Club des Experts de la Sécurité de l'Information et du Numérique) ki se yon klèb ekspè ki travay nan domèn sibèsekirite nan peyi Lafrans, plis pase 50% antrepriz nan peyi Lafrans viktim menm pou yon fwa anba men pirat pou lane 2021 an.

E selon ANSSI (Agence nationale de la sécurité des systèmes d’information) atak ak ransomware yo ogmante ak plis pase 255% pou lane 2020 an konparativman ak lane 2019 la nan peyi Lafrans. Donk ou ka imajine kijan atak ak ransomware yo ap fè ravaj nan mond la? Alò, kisa k yon ransomware?

Kisa ki yon Ransomware ?

Yon Ransomware (mo sa a sòti nan lang anglè) oubyen tou ou ka di yon lojisyèl ki la pou ransone se yon tip lojisyèl malveyan ki soti nan men yon pirat epi ki vin enstale sou òdinatè w. Lè lojisyèl sa a rive sou machin nan, l ap vrèman difisil pou w ta detekte l. Pandan l ap travay an soudin nan, li pral chifre (pran kontwòl epi anpeche w gen aksè ak…) done ou gen sou òdinatè ou yo epi bay pirat la aksè pou kontwole totalman oubyen yon pati nan òdinatè w la.

Lè pirat la fin pran kontwòl òdinatè w la, li pral mande w lajan oubyen fè w lòt egzijans pou l ba w kle pou w dechifre done yo. Lè se lajan pirat yo vle, yo souvan egzije w fè pèman sa yo an kriptomonè pou w plis paka idantifye yo( Bitcoin, Ethereum, USDT, elatriye)


Kredi foto: zdnet


Kijan yon ransomware ka fè rive enstale sou òdinatè w?

Pirat yo ka itlize plizyè fason pou yo fè lojisyèl malveyan sa a rive sou aparèy ou yo tankou:
- Email Phising : se yon imèl malveyan ki vini sou fòm yon imèl ki soti nan yon enstans fyab (tankou: gouvènman an, anbasad yon peyi, labank, elatriye) e ki ensite viktim nan divilge enfòmasyon sansib li tankou non itilizatè, modpas, nimewo kont, elatriye. Imèl sa kapab genyen ladan l tou yon lyen malveyan oubyen yon fichye miltimedya(imaj, dokiman, videyo,…)ki enfekte.

- Feblès sekirite : Pirat la kapab fè ransomware a aksede ak sistèm ou an gras ak yon fay nan sistèm sekirite a.

- Nan telechaje lojisyèl krak oubyen nan vizite sitwèb ki pa sekirize :Ou kapab viktim yon atak ak ransomware apati yon lojisyèl krak ou telechaje sou entènèt oubyen nan pwomennen antre done pèsonèl ou pasi pala sou sit entènèt ki pa sekirize.

- Ak yon bann lòt fason ankò.


Kisa w ka fè si w ta viktim ak yon atak ransomware?

Si w ta viktim yon atak ransomware, men kèk bagay ou ka fè:
- Dekonekte òdinatè a ak entènèt;
- ⁠Konsilte yon ekspè nan sekirite enfòmatik;
- Li pa twò konseye pou w kouri aksepte peye kòb la, paske pa gen gwo garanti w ap rejwenn aksè a done yo ankò.
- Eseye skane òdinatè a
- Reenstale sistèm eksplwatasyon k sou òdinatè w la

Kijan w kapab pwoteje w kont yon atak ak ransomware ?

Pou w pwoteje tèt ou kont atak ak ransomware yo, men kèk ti prensip ou ka aplike:
- Toujou fè mizajou nan lojisyèl ak sistèm eksplwatasyon w ap itilize yo;
- Evite bay yon seri aplikasyon dwa administratè sou òdinatè w;
- Kreye modpas ki difisil pou moun devine oubyen krake. Pou fè sa ou dwe konbine lèt, chif, ak senbòl nan modpas ou yo. Epi, evite mete non w, siyati w, ane nesans ou nan modpas yo
- Pa itilize yon sèl modpas pou plizyè kont;
- Itilize lojisyèl antiviris ak antimalware ki fyab yo;
- Evite itilize lojisyèl krak yo;
- Evite klike sou lyen moun ap voye ba ou nan lide pouw jwenn rekonpans;
- Evite konekte nan wifi piblik;
- Evite sovgade modpas ak non itilizatè w yo sou navigatè pasi pala;
- Etèn oubyen vewouye òdinatè w lè w pa p sèvi ak li;
-Aktive otantifikasyon a doub faktè.


Atak ak ransomware yo ka koze gwo domaj sou plan materyèl ak ekonomik, men si w byen preparew epi konsilte dènye enfòmasyon sou sekirite enfòmatik yo ou kapab evite gwo katastròf nan sistèm ou yo.




Redaksyon
Christerlin Joseph
Etidyan Nan Syans Enfòmatik


__________________

Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!


4 Comments

Kite yon ti kòmantè pou nou

  1. Mèsi
    Bon Bagay!
    Felisitasyon!!!
    Kenbe Fè'm pa moli!

    ReplyDelete
  2. Mèsi anpil! Popilasyon an bezwen plis enfòmasyon sou sijè sa ke mwen estime ki pliske enpòtan.

    ReplyDelete
  3. travay nou an bèl wi kenbe la

    ReplyDelete
Previous Post Next Post