MAYI KANNI, PEN KANNI, ... : PWODUI SA YO KA BAY KANSÈ !

Chak ane, konsomasyon pwodui ki kontamine, lakoz anviwon 600 milyon moun tonbe malad nan lemonn. E pami yo, anwivon 420 000 rive mouri. Se yon estatistik ki montre nou kijan sa n ap konsome yo konn reprezante gwo danje pou vi nou. Anpil fwa se konn neglijans oswa enkonpetans pwodiktè yo, machann yo oswa konsomatè yo ki lakoz pwodui alimantè yo kontamine. Anplis, inyorans ak pwoblèm ekonomik yo konn lakoz menmsi moun nan ta konstate pwodui a gate, li chwazi konsome l olye l jete l.


Kredi imaj: Analytical toxicology

Anpil fwa, sa n ap manje yo konn yon mwayen pou nou trape anpil maladi. Malgre sa, anpil moun pa pote atansyon ak sa y ap konsome. Egzanp la tèlman klè, pen an kanni, olye nou jete l, nou sèvi ak li pou fè soup. Si mayi a kanni, nou prefere boukannen l oubyen griye l... Poutan youn nan sibstans ki pi souvan lakoz pwodui yo kanni, se yon pwazon ki rele aflatoksin. E sa ki pi tris la, nan peyi kote nivo lavi moun yo pa twò konfòtab yo, genyen plis pase 5 milya moun ototal ki ekspoze ak pwazon sa a. Sa moutre n nan ki nivo danje ki genyen nan sektè alimantè a. Men tou, nesesite ki genyen pou tout konsène yo pran bon desizyon apwopriye.


{getToc} $title={KONTNI ATIK LA} $count={Boolean}


Kisa ki kontamine pwodui yo menm ?

kontaminasyon pwodui sa yo fèt akoz yon seri champinyon ki simaye kò yo tout kote nan anviwònman an. Men, se 2 espès ki plis patisipe nan sa. Nan non syantifik yo, youn rele Aspergillus flavus epi lòt la rele Aspergillus parasiticus.

Lè yo rive anvayi yon plant oubyen yon fui, yo pwodui yon sibstans ki rele aflatoksin. E sibstans sa a se yon pwazon ki sifi pou kontamine epi rann pwodui sa a pa bon pou konsome ankò. Kidonk, li vin tounen yon danje pou lavi moun oswa bèt.

Chanpinyon sa yo se yon menas pou zafè pwodiksyon ak konsomasyon nan lemonn. Li enposib pou n ta evalye enpak ekonomik negatif yo. Men yo responsab destriksyon anviwon 25% rekòt nan lemonn lan chak ane.


Kijan kontaminasyon sa yo fè fèt?

Champinyon sa yo, lè yo fin atake plant yo, yo kapab devlope epi kòmanse pwodui aflatoksin san rete. Kidonk, pandan tout etap ki gen pou wè ak pwodiksyon, distribisyon epi komèsyalizasyon pwodui nap konsome yo, depi kondisyon yo favorab, gen posiblite pou yo kontinye kontamine.

Gen anpil faktè ki konn rann kondisyon yo favorab pou pwodui n ap konsome yo kontinye kontamine ak aflatoksin. Men, pami yo, sa n rankontre pi souvan yo se :
  • Sechrès;
  • ensèk anvayi jaden yo;
  • Konsèvasyon nan move kondisyon;
  • Move kondisyon transpò, elatriye.
Lè yon pwodui fin kontamine ak aflatoksin, menm chalè dife paka detui pwazon sa a. Kidonk, evite manje pwodui ki kanni oswa ki pa byen trete. Malgre pafwa, li konn difisil pou idantifye yon aliman ki kontamine ak chanpinyon sa yo,

Ki aliman ki souvan kontamine ak chanpinyon sa yo ?

Champinyon sa yo plis devlope nan zòn twopikal ki cho ak ki fè frèt anpil yo. Lè chanpinyon yo pwodui aflatoksin lan, li ka kontamine yon seri aliman tankou : nwa, ble, mayi, pistach, fig, kakawo, kafe ,koton, diri, epis, manyòk, elatriye.

Men, nan peyi Dayiti, etid ki te fèt montre aflatoksin lan plis kontamine mayi, sògo, pistach ak tout pwodui transfòmasyon li yo (manba, dous, tablèt, elatriye).

Lèt yon manman ka kontamine tou, sitou si manman an manje pwodui ki kontamine.


Ki konsekans sibstans sa gen sou sante nou?

Ak yon dòz ki fò, aflatoksin lan kapab lakoz yon gwo nivo entoksikasyon ki ka mete lavi moun lan an danje. Li ka lakoz :
  • Aflatoksikoz, ki se yon maladi ki bay vomisman, pwoblèm pou respire, doulè nan vant, elatriye;
  • Risk pou bay kansè, sitou kansè nan fwa. Kontaminasyon ak aflatoksin se twazyèm koz lanmò ki fèt nan lemonn akoz kansè. 30% nan moun ki genyen kansè fwa nan lemonn se akoz Aflatoksin. E deja Ayiti se peyi nan karayib la ki gen plis ka kansè nan fwa, e aflatoksin lan se youn nan koz yo;
  • Atake epi redui kapasite kò a genyen pou l defann li kont maladi. Sa ki pral lakoz kò a lage 2 bra balanse e nenpòt lòt mikwòb ka lakoz gwo dega... Sa li vin pi fasil pou trape jèm epi devlope : tibèkiloz, enfeksyon ak VIH, elatriye;
  • Malfòmasyon tibebe a, si fanm ansent lan ekspoze ak li;
  • Move devlopman yon timoun, ba li dyare, epi lakoz malnitrisyon.


Kijan w ka pwoteje tèt ou ?

Prevansyon kont kontaminasyon ak mikwòb sa a mande yon efò nan plizyè nivo. Soti depi nan pwodiksyon jouk rive nan konsomasyon sa n ap manje yo.

  • Nan etap pwodiksyon an, kiltivatè yo dwe :
- Konbat maladi plant yo ak ensèk yo;
- Byen wouze jaden yo;
- Rekòlte nan bon moman;
- Byen jere dechè yo

  • Aprè rekòt la, moun ki konsène yo dwe :
- Byen konsève pwodui yo nan resipyan ki pwòp e ki adapte;
- Mete pwodui yo kote bèt pa p ka ale ladan yo
- Triye pwodui yo pou retire grenn ki gate, ki chanje koulè...

  • Nan moman konsomasyon an, ou dwe tou :
- Veye byen sa w ap manje, sitou pistach, mayi, ak diri... Si pwodui a deja gate, evite itilize l;
- Plis konsome aliman ki frèch, ki pwodui, transpòte, konsève epi vann nan bon kondisyon;
- Varye rejim alimantè ou yon fason pou diminye ekspozisyon ak aflatoksin...

Toujou sonje, menm si manje a bouyi oubyen boukannen, mikwòb sa a pa p detui. Sa demontre nesesite pou genyen aplikasyon bon pwosesis syantifk espesyal pou pwoteje popilasyon an. Epitou, nenpòt ti malèz yon moun genyen, ale wè yon pèsonèl sante prese prese.

__________________

Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!

Kite yon ti kòmantè pou nou

Previous Post Next Post