AVÒTMAN NAN PEYI DAYITI SE YON MALÈ PANDYE: KISA LALWA DI SOU SA?

Depi kèk lane, fenomèn avòtman an pa janm sispann pwovoke gwo diskisyon nan peyi nou e menm atravè tout monn lan. Pratik sa a vin pi popilè chak jou, malgre lalwa peyi nou entèdi l sou tout fòm. Anpil jèn tifi ak fanm tonbe nan pratik sa a pou divès rezon: swa paske manke lanmou, swa paske yo pa t vle gwosès la, swa pou pwoblèm sosyo-ekonomik, elatriye. E anpil nan medam sa yo konn menm rive pèdi lavi yo, paske y ap fè avòtman yo ankachèt epi nan move kondisyon.


Kredi foto: Jugo Murphy

Nan monn lan, genyen anviwon 73 milyon avòtman pwovoke (avòtman ki fèt akoz entèvansyon lòm) ki fèt chak ane selon done OMS yo (Ane 2021). Sou chak 10 gwosès ki pa t planifye, genyen 3 avòtman volontè ki fèt. E, mwatye nan avòtman sa yo fèt nan move kondisyon.

Chak 9 minit, yon fanm mouri nan mond lan akoz avòtman an kachèt. Sa vin fè, selon done OMS yo, genyen ant 39 000 a 47 000 fanm ki mouri chak ane nan avòtman. Anplis, nan rès yo, genyen anviwon 8 milyon ki konn rive gen gwo konplikasyon ki ba yo gwo pwoblèm sante.

Pou peyi Dayiti li menm, avòtman ankachèt se twazyèm koz lanmò matènèl (Selon EMMUS VI). Malgre pa gen yon chif ki fiks, men selon Ministè sante piblik ak popilasyon an, 30% ka lanmò matènèl nan peyi a fèt akoz avòtman ki reyalize ankachèt ak nan move kondisyon.

Sa se youn nan faktè ki lakoz Ayiti se peyi ki genyen plis manman ki mouri nan kontinan Amerik la. Zafè, avòtman sa a tounen yon malè pandye sou kominote a. Nan sans sa a, kòman lalwa wè kesyon avòtman nan peyi Dayiti ? Èske pa gen moun ki poze kesyon sou sa? Èske pa gen plan pou revize kesyon avòtman an ?


{getToc} $title={KONTNI ATIK LA} $count={Boolean}

Kisa ki yon avòtman ?

Selon yon apwòch medikal, yon avòtman se aksyon pou retire oubyen fòse mete deyò yon timoun ki te kòmanse fòme anndan vant yon fanm. Men, pou aksyon sa a rele avòtman, gen kèk kondisyon ki dwe reyini tankou:
- Aksyon an dwe fèt avan 22 semèn gwosès ;
- Timoun k ap fòme a dwe peze pi piti pase 500 gram;
- Timoun k ap fòme a pa dwe mezire plis pase 25 santimèt (soti nan tèt pou ale nan pye)

Genyen anpil tip avòtman. Pwosesis yo vrèman sansib e gen anpil danje ladan yo. Pa egzanp, lè se moun nan menm ki deside fè l, ka sa a se yon avòtman ki volontè. Kidonk, se yon moun ki retire yon timoun ki t ap fòme nan vant li ak tout konviksyon l kote l itilize youn nan mwayen sa yo : atifisyèl, chimik oubyen mekanik ...


Kisa lalwa peyi a di sou avòtman?

Aktyèlman, Ayiti se youn pami 6 peyi nan Amerik latin lan ak karayib la ki entèdi totalman zak avòtman an. Malgre sa, li kontinye ap fèt ilegalman e nan move kondisyon nan peyi a. Daprè atik 262 nan Kòd Penal Ayisyen an, genyen 2 kategori avòtman :
- Premye kategori a, se lè se fanm ansent lan menm ki fè avòtman an.
- Dezyèm kategori a, se lè se yon lòt moun ki dirije pwosesis pou fè fanm ki ansent lan fè avòtman an, tankou: yon medsen, yon chirijyen, yon famasyen oubyen yon medsenfèy, elatriye.

Pou lejislatè yo, avòtman an se yon enfraksyon ki grav anpil. Enfraksyon sa a kreye 2 viktim. Premye viktim nan se ti bebe ki te kòmanse ap fòme nan vant fanm lan (pwodui konsepsyon an). Dezyèm viktim nan se fanm ansent lan ki sibi yon pèt moralman ak fizikman sou sa kò l pwodui.

Lalwa kondane tout moun ki enplike nan yon zak avòtman, tankou: fanm ansent lan, medsen an, famasyen an, elatriye. E menm Atik 262 sa a di konsa : "Kèlkeswa moun nan, nan aliman, nan bwason, medikaman, vyolans, oubyen pa tout lòt mwayen ki fè yon fanm ansent avòte, menm si fanm ansent lan ta dakò oubyen pa dakò, l ap pran yon pèn reklizyon."

Li bon pou w konnen yon pèn reklizyon se yon pèn ki pwononse kont koupab la pou 10 lane e menm plis. Li ka varye selon jan enfraksyon an grav. Pèn reklizyon an ka pran 4 Faz : premyeman koupab la ka kondane pou 15 lane prizon, dezyèmman li ka pran 20 lane prizon, twazyèmman li ka pran 30 lane prizon, anfen li ka pran prizon pou tout lavi l.

Aprè eleman legal la nou sot wè nan atik 262 Kòd Penal la ki kondane avòtman an, Me Raymond JEAN-BAPTISTE (Cours de Droit pénal spécial) prezante 4 lòt eleman ki karakterize enfraksyon avòtman an :

1- Yon eleman materyèl ki se tout mwayen fanm ansent lan itilize pou l fè avòtman an, tankou: bagay li bwè, remèd li pran pou anpeche timoun nan devlope nan vant li, elatriye;

2- Rezilta li jwenn lan: se lè fanm ansent lan rive retire timoun nan.

3- Tantativ li fè pou l jwenn rezilta a: se lè malgre tout sibstans fanm ansent lan pran pou l retire timoun lan, li pa rive fè sa.

4- Mwayen li anplwaye pou l atenn rezilta a ki kapab : mwayen chimik, mwayen mekanik, elatriye.

Nan zafè avòtman an tou, genyen yon eleman entansyonèl, se lè fi a gen entansyon pou l fè avòtman an. Tankou, nan ka fanm ansent lan konn bay vant li kou, li fè esprè li lage kòl atè nan macheskalye pou pitit la ka tonbe, elatriye. Malgre sa, anpil moun pa janm sispann pratike avòtman ankachèt epi nan move kondisyon, malgre sa ka koute yo lavi yo.


Pwoblèm avòtman ankachèt la

An Ayiti, anpil fanm fè avòtman ankachèt, sitou sa ki nan klas defavorize yo, ki pa gen aksè pou jwenn bon laswenyay epitou ki manke konesans sou metòd kontrasepsyon yo, elatriye

Selon MSPP (Ministère Santé Public et la Population) nan 22% fanm ansent ki rive avòte yo, 43% ladan yo fèt ankachèt. E 10 a 50% fanm ki pratike avòtman yo mouri nan yon sikonstans trajik. Sa se youn nan faktè ki lakoz Ayiti se peyi ki genyen plis manman ki mouri nan kontinan Amerik la. Se yon bagay ki tounen yon malè pandye sou kominote a.

An Ayiti, avòtman ankachèt se twazyèm koz lanmò matènèl (EMMUS VI). Malgre pa gen yon chif ki fiks, men selon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an, 30% ka lanmò matènèl nan peyi a fèt akoz avòtman ki reyalize ankachèt ak nan move kondisyon. San konte valè nan yo ki genyen gwo konplikasyon tèt chaje.


Mouvman pou legalizasyon avòtman an Ayiti

Depi lane 1986 yo, gen yon batay pou depenalizasyon (retire pèn) avòtman ki kòmanse an Ayiti. E nan lane 1988 yo, SOFA (Solidarité Fanm Ayisyèn) ki se yon òganizasyon fanm, te soulve gwo danje dosye avòtman an kachèt nan peyi a reprezante. Nan menm epòk sa yo tou, Enfofanm ki se yon lòt òganizasyon fanm, te òganize anpil konferans, ak lòt aktivite pou sansibilize sou nesesite ki genyen pou depenalize avòtman. Kidonk, dosye sa a te kenbe atansyon anpil moun nan moman an ki te wè l kòm yon malè pandye.

Sa te pase anpil etap gwo deba. Anpil lòt òganizasyon fanm te pran dosye sa a oserye, tankou : Nègès Mawon, Gran Jipon, Dantò, Marijàn... San konte tout lòt sektè ak pèsonalite ki te kanpe pou defann koz sila. E jouk jounen jodi a, lit sa yo pa kanpe.


Wout pou legalize avòtman

Aprè anpil lit divès òganizasyon fanm tap mennen pou retire pèn ki la pou avòtman sou teritwa a, nan lane 2020, yo te prèske genyen batay la. Ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse te vini ak yon kòd penal ki te revize. E ladan l, apati atik 328 yo, kesyon avòtman an te abòde. Gras ak Kòd Penal sa a avòtman an t ap gen posibilite pou vin legal men, se selon kèk kondisyon. Kidonk, selon li, avòtman an t ap legal si gwosès la potko gen 12 semèn nan ka yon vyòl, ensès oubyen si gwosès la mete sante mantal oubyen sante fizik manman an andanje.

Pwopozisyon sa a te fè anpil gwo deba, e li te dwe revize. Men, depi aprè lanmò prezidan Jovenel nan mwa jiyè 2021 an, pwosesis yo kanpe.

Jiskounye a, avòtman an ilegal an Ayiti. Men, malgre lalwa pini l, sa pa anpeche anpil fanm ak tifi mete lavi yo andanje chak jou nan pratike avòtman nan move kondisyon... Gen nesesite pou otorite yo pran fenomèn sa trè oserye, yon fason pou revize kèk desizyon ki te pran deja. E tou, popilasyon an dwe itilize plis mezi yon fason pou redui risk avòtman yo. Kidonk, dwe gen plis kanpay sansibilizasyon pou evite gwosès ki pa planifye yo, pou evite zak vyòl, ensès, elatriye.


Redaksyon
Peterson Saint-Fleur
Jiris, Anseyan, Jounalis



__________________

Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou!


Kite yon ti kòmantè pou nou

Previous Post Next Post