KALVÈ MEDAM YO AP MONTE ANBA TANDANS SEKSIS LA AN AYITI !

Fanm yo ap sibi yon bann diskriminasyon nan monn lan, jis paske yo se fanm. Sa tèlman klè, genyen plis pase 150 peyi nan lemonn ki genyen pou pi piti menm yon lwa ki diskrimine fanm. Malgre anpil lit tout kalite òganizasyon fè, genyen anpil bagay ki dwe amelyore toujou. Paske, tandans seksis sa a ki fè anpil moun pa bay fanm yo valè yo a, se youn nan baryè ki bloke devlopman anpil peyi. Yon bon konpreyansyon sitiyasyon sa a ap fè plis moun wè nesesite pou n kontinye pwopoze bon jan demach pou pote yon amelyorasyon.

Kredi Imaj : Bing AI


Nan listwa monn lan, zafè esklizyon fanm yo pa yon revelasyon pou pèsonn. Dayè, depi lè tikonmkonm t ap goumen ak berejèn pou jiskanojou, anpil sosyete toujou konsidere fanm yo tankou yon èt fèb. Anplis, lè n founi je gade nan Labib, youn nan dokiman istorik ki pi ansyen nan monn lan, nou twouve anpil pawòl ki te toujou pwone pouvwa siperyè mesye yo genyen sou medam yo. San konte anpil pratik nan yon bann kominote ki mete fanm yo sou kote. Tout diskriminasyon sa yo fèt sou kategori sa a pou yon sèl rezon, jis paske yo se fanm. Kidonk, yo viktim anba yon tandans "seksis"!


{getToc} $title={KONTNI ATIK LA} $count={Boolean}


Tandans seksis la atravè lemonn

Nan yon fason jeneral, selon diksyonè Lawous, tèm seksis la siyifi tout sòt diskriminasyon ki fèt sou yon moun, konsènan sa ki gen rapò ak sèks li. Sa ki konn fè, sèks moun sa a tounen yon veritab baryè pou anpeche l jwi tout dwa ak devwa l yo jan sa ta dwe fèt nòmalman.

Men, nan yon sans ki pi espesifik, nan yon dokiman ki gen pou tit "Women and Gender : a feminist Psychology", tèm seksis la anglobe tout ansanm prejije yon kategori moun genyen ki fè yo devlope yon seri konpòtman ak yon bann jijman negatif sou fanm yo. Liv sa a, se 2 sikològ ki te rele Mary Crawford ak Rhoda Unger ki te pibliye l nan lane 1992 nan peyi Lèzetazini.

Zafè diskriminasyon kont fanm lan se yon pratik ki kòmanse lontan. Anpil tradisyon, koutim, ... prezante fanm tankou yon èt ki fèb. Sa lakoz, sitou nan sosyete patriyakal yo, yo souvan konsidere fanm yo kòm yon senp materyèl ki la pou fè pitit epi travay domestik yo. Tandans yo fè konprann gason pi djanm pase fanm sou aspè emosyonèl, sikolojik ak fizik.

Sa ki vin lakoz medam yo soufri anpil. Epi fè anpil moun panse :
  • Tifi pa oblije ale lekòl;
  • Apre maryaj, fi a oblije jete siyati fanmi l soti a pou l pran pa gason an;
  • Gen yon seri travay ki rezève sèlman pou medam yo;
  • Li nòmal pou yon gason bat madanm li pou yon rezon kèlkonk, tankou enfidelite.
Gwo inegalite epi ansanm vyolans fanm yo t ap sibi nan men gason yo, te pouse yo leve kanpe pou mande yon souf. E apre divès etap, sa ta pral bay nesans ak zafè kouran Feminis la. Yon kouran ki t ap al jwenn bon fondman li e bon fòm li a pati 19èm syèk yo, gras ak 2 gwo mouvman :
  • Deklarasyon dwa fanm ak sitwayèn yo nan lane 1791 yo;
  • Siyati konvansyon "Seneca Falls" nan lane 1848 Ozetazini.

Malgre sa, wout la pa t dwat. Nan anpil sosyete, fanm yo te toujou ap sibi move tretman e yo pa t jwenn bon konsiderasyon. Tankou, nan peyi Lafrans, nan lane 1810 pou rive 1975 yo, Lalwa t ap redui pèn yon gason ki touye madanm li paske l te bare l ap twonpe l nan kay yo a, selon atik 324 nan kòd penal peyi a te genyen pandan epòk la. Se te menm jan an tou nan peyi pa nou ki te gen menm pwennvi ak yo. Sa se yon prèv vivan ki montre n kòman fanm yo pa t gen anpil konsiderasyon, yo pa t gen twòp valè.

Nan lane 1993 yo, nan yon konferans ki te òganize nan kapital peyi Otrich, ONU te kontinye pote soutyen l nan lit kont tout zak diskriminasyon fanm ta ka sibi nan tout monn lan. E se te yon okazyon pou ONU te tou fè konprann lè sosyete yo neglije dwa fanm yo se tankou yo te pase dwa tout moun an jeneral anba pye.

Depi lò a, anpil bèl ti refòm te tanmen fèt nan jan tretman fanm te konn ye avan nan monn lan. Anplis, nan lane 2017 yo, ONU ak Linyon Ewopeyèn te lanse yon gwo mouvman pou kontinye lit sila, yon fason pou jwenn egalite ant fanm ak gason disi lane 2030 yo.

Avèk anpil revandikasyon feminis yo toujou ap fè, piti piti entèval dwa fanm yo ap elaji.




Fanm yo ap sibi lontan an Ayiti

Depi sou tan lakoloni, nègès yo te toujou konn viktim yon seri vyolans seksis, tankou vyòl, fòse yo fè avòtman, vyolans fizik, elatriye. Mizè jekale sa yo te konn menm pouse anpil nan medam yo touye tèt yo.

Li vrèman difisil pou n ta presize depi kilè mouvman feminis la te pran nesans nan peyi Dayiti. Gen kèk moun ki di se depi nan batay pou bay peyi nou lendepandans medam yo te kòmanse revòlte pou reklame dwa yo. Men, nenpòt jan sa te ye a, se nan peryòd lokipasyon amerikèn nan mouvman feminis la te kòmanse fè plis enpak.

Nan lane 1934 yo, Madeleine Sylvain Bouchereau, ki se yon sosyològ ayisyèn te mete kanpe premye mouvman feminis la nan peyi Dayiti ki te rele " Ligue féminine d'action Sociale (LFAS)". Depi lè sa a li t ap defann : dwa pou fanm yo gen aksè ak Ledikasyon, dwa pou vote ak dwa pou genyen menm salè ak gason. Malerezman, mouvman sa pa t dire, gouvènman ayisyen an te kraze l byen vit nan kèk semèn.

Nan lane 1941, Lig la te reprann aktivite l pou kontinye fè revandikasyon medam yo pase. Erezman, fwa sa a, aprè 3 lane, medam yo te rive jwenn dwa pou poze kandidati nan eleksyon nasyonal yo, men se pa t pou pòs prezidan. Se te yon sitiyasyon ki te tèrib anpil, paske medam yo pa t gen dwa pou vote. Kidonk, pou yon fanm te rive pran pouvwa a, se gason sèlman ki te pou vote l.

Kèk tan apre, nan lane 1944, Doktè Jean Price MARS, yon pwofesè sosyològ ayisyen te ekri ''La vocation de l'élite''. Nan chapit ki titre ''Femme de demain'' an doktè a fè yon bèl deskripsyon sou pozisyon fanm yo toujou okipe nan sosyete nou an. E tou pwofite tabli diferans ki genyen ant 2 klas fanm sosyete nou an bay yo: Fanm nan milye peyizan yo ak fanm nan klas elit la.

Nan dokiman sa a, Doktè a dekri sitiyasyon fanm yo nan milye peyizan yo. Li montre nou, mesye yo bay zouti travay yo plis valè pase medam yo. Mesye yo konn gen plizyè madanm, swa nan menm kay la oubyen nan plizyè kay ki nan menm lakou a jis pou yo ka gen kontwòl tout. Anplis, Fanm sa yo plede bourike sòti byen lwen ak chay byen lou sou tèt yo pou al nan mache, lè yo tounen pou yo vin bay timoun tete, fè manje ak fè lòt travay nan kay yo. Epi kou lanjelis tonbe pou yo desann nan ti rivyè tou pre a, al mouye kò yo avan yo vin jwenn mari yo fè suit la.

Fanm nan lelit la li menm, Doktè a dekri l tankou yon objè ki la pou fè fyète paran l pandan l timoun, fyète mari l, lè l marye... E, si l ta rive divòse oubyen vin vèv, sosyete a gentan tabli yon pakèt nòm ak prensip pou l al suiv pou jis li mouri antre anba tè. Pou n di sa pi senp, li pase tout lavi l san l pa mèt tèt li.

Ane aprè ane, lit Fanm yo t ap mennen pou yo jwi tout dwa yo menm jan ak tout moun lan pa t janm sispann malgre gwo presyon sistèm politik ki te anplas yo t ap fè sou yo. Anfen, nan lane 1950, Fanm yo te resi jwenn dwa pou yo vote nan eleksyon yo, men yo pa t ka vote kandida pou pòs prezidan yo. Se nèt nan lane 1957, yo te vin jwenn dwa pou yo vote pou yon kandida ki nan eleksyon pou pòs prezidan.


Enpak tandans seksis la

Tandans seksis yo genyen gwo konsekans sou tout aspè nan vi fanm yo. Sa ki gen repèkisyon dirèk sou tout sosyete a. Selon yon etid Plan International France te fè nan lane 2021 sou tout lemonn sou koz ak konsekans diskriminasyon fanm, gen anpil done ki montre n jan sitiyasyon an depase grav. Konsekans tandans seksis la anpil, pami yo genyen :
  • Inegalite ekonomik : Fanm yo pa gen menm chans pou jwenn opòtinite travay ki byen peye yo. Anplis, ti kantite nan medam yo k ap travay yo, yo plis bourike nan sektè enfomèl la.
  • Baryè nan zafè Ledikasyon : Anpil sosyete pa bay zafè ledikasyon fanm twòp enpòtans. Sa rann fanm yo pa janm ale lwen nan karyè pwofesyonèl yo e yo limite sosyalman. Nan lemonn, genyen 132 milyon fanm ki nan laj 6 pou rive 17 lane ki pa ale lekòl. Anplis, fanm yo reprezante 63% nan granmoun ki pa konn ni li ni ekri.
  • Vyolans sou fanm : Fanm yo ap pase mizè anba move tretman nan tout kondisyon, vyolans ak agresyon seksyèl. Sou chak 10 fanm ki gen pi piti pase 20 lane, genyen omwen youn ki viktim vyolans seksyèl nan vi l.
  • Maryaj fòse : chak jou, nan lemonn, gen anviwon 33 mil fanm ki marye anba presyon, nan fòse. Sa ki bay yon total 12 milyon chak ane.
  • Move kondisyon sante pou repwodui : Fanm yo nan peyi Dayiti gen yon aksè limite nan sèvis sante repwodiksyon yo, ( manke fanmchay ak ekipman pou akouchman ), e yo paka deside pou swen sante yo.
  • Limit nan zafè politik : Pou medam yo te rive jwenn dwa vote epi ale nan eleksyon, se te yon gwo lit. Yo te resi jwenn li nan lane 1950. Men, malgre sa, fanm yo pa janm twò reprezante nan pòs k ap deside yo. Sa tèlman klè, nan lane 2017, Chanm Sena Ayisyen an te gen yon sèl fanm.
  • Diskriminasyon nan milye pwofesyonèl yo, elatriye


Èske mouvman feminis yo sispann ?

Anpil òganizasyon fanm toujou leve kanpe pou kontinye defann dwa fanm yo nan peyi nou. Yon egzanp vivan te kòmanse trase nan dat 3 avril 1957 la, kote yon ekip 30 000 fanm te pran lari pou reklame dwa yo. Men, anpil difikilte sitou pwoblèm ledikasyon ak mank volonte dirijan nou yo lakoz sitiyasyon yo pa janm vin jan sa ta dwe ye.

Men, aktyèlman, pami òganizasyon fanm k ap lite pou dwa fanm yo respekte yo, n ap pran san n pou n site : Marijàn, Mus’Elles, Fondation TOYA, Bureau des Droits Humains en Haïti (BDHH), Centre Pen Haiti, ANACONA Community Founder, Solidarité des Organisations Contre la Violence (SOCVI), Association des Femmes de Denis (AFD), Lite pou Demen nou (LIDEN), NEGES KREYOL, Filles à Besoins Spéciaux pour la Réforme (FIBESR), Fondation terre Bleue (FTB), Mouvement haïtien pour le Développement rural, Rassemblement des femmes pour l’avancement de l’économie (RAFAE), KOFAGA, ak plizyè lòt ankò.


Bon jan Ledikasyon, sansibilizasyon ak lwa, bon pwogram espesyal pou ankadre fanm yo... Se yon seri bon metòd pou kontinye soulaje yo nan mizè yo anba tandans seksis la. Medam yo dwe reprezante yon lòt fason nan sosyete a. Paske, "pozisyon fanm yo okipe nan yon sosyete sifi pou ede n detèmine degre sivilizasyon moun nan sosyete sa a", selon Doktè Jean Price Mars.


Redaksyon
Crednerson Ermilus
Etidyan Sikoloji


__________________

Ou se yon Tizè Konesans ?
Ebyen, se kiryozite w wi ki bouste nou !



1 Comments

Kite yon ti kòmantè pou nou

  1. Mèsi pou atik la.Se yon siy ki montre ke "sexisme" se yon vye tandans pou n aboli nan mond lan,sitou an Ayiti🙌🙌

    ReplyDelete
Previous Post Next Post